Connect with us

Uncategorized

Luisito Étienne briye nan Koup Jenerasyon Adidas 2026 la ak Charlotte FC

Luisito Étienne briye nan Koup Jenerasyon Adidas 2026 la ak Charlotte FC

Koup Jenerasyon Adidas la se youn nan pi gwo vitrin entènasyonal pou jèn talan nan foutbòl Amerik di Nò. Chak ane, tounwa prestijye sa a reyini plis pase 80 ekip, ki gen ladan akademi MLS yo ansanm ak gwo club entènasyonal yo, pou konpetisyon nan kategori Anba-15 ak Anba-16. Edisyon 2026 la te dewoule soti 27 mas rive 4 avril 2026, nan IMG Academy nan Bradenton, Florid, kote li sèvi kòm yon etap enpòtan pou devlopman pwofesyonèl jèn jwè yo.

Pami talan ki make tounwa a ane sa a, gen Luisito Étienne, yon jèn defansè santral ayisyen ki ap jwe nan kategori U15 pou akademi Charlotte FC. Li pa sèlman yon jwè titilè pou ekip li, men l pote responsablite kapitèn ekip la tou. Yon siy ki klè ki pwouve lidèchip li ak konfyans staf teknik la genyen nan li.

Yon faz gwoup solid ak dominan

Luisito te montre regilarite ak detèminasyon pandan tout faz gwoup la, kote li te jwe chak minit nan chak match. Charlotte FC te kòmanse fò ak yon viktwa 4-0 sou Miles Gully, yon akademi jèn ki rasanble pi bon talan Jamayik yo. Defans lan te solid, e Luisito te jwe yon wòl kle nan kenbe pòt la fèmen.

Nan dezyèm match la kont Los Angeles FC, Charlotte te fè yon match sere ki fini 1-1. Malgre yo te pèdi 4-3 nan penalite.

Twazyèm match la te wè Charlotte reprann dominasyon li ak yon viktwa kle, 3-0 kont Colorado Rapids. Rezilta sa yo te pèmèt ekip la fini dezyèm nan gwoup li an, epi kalifye pou faz eliminatwa yo.

Yon explwa kont ekip nimewo en an

Nan 16yèm tou an, Charlotte te fè fas ak Toulouse, ekip ki te klase nimewo 1 nan tounwa a, ki soti Lafrans. Nan yon match ki te pase sou televizyon Ozetazini, Luisito te yon poto mitan nan defans la pandan 90 minit yo, kote match la fini 0-0. Nan penalite, Charlotte te fè yon gwo sipriz lè yo te elimine Toulouse 4-3, yon moman istorik pou akademi an.

Nan kade final, Charlotte te kontinye avanse avèk yon viktwa 1-0 kont New York City FC, malgre absans Luisito ki te sispann poutèt akimilasyon katon jòn.

Nan demi-final yo, yo te rankontre Valence, club panyòl. Match la te difisil, e Charlotte te pèdi 2-1. Nan rankont sa, Luisito te resevwa yon katon wouj pou yon boul nan men l, nan kare a, kite trè konteste. Finalman, Charlotte te pèdi match la 3-1, epi elimine.

Yon tounwa ki make pa lidèchip ak solidite

Malgre eliminasyon nan demi-final yo, Charlotte FC te depase tout atant. Yo te antre nan tounwa a kòm outsider, anpil moun pa t menm atann yo tap soti nan faz gwoup la. Men, yo rive jouk nan kat dènye ekip yo. Youn nan pi bon pèfòmans nan listwa akademi an nan konpetisyon sa a.

Luisito, kòm kapitèn ak defansè santral, te gen yon enpak enpòtan sou siksè ekip la. Pandan faz gwoup la, Charlotte pa t pran okenn gòl nan jwèt ouvè. Defans lan te solid, òganize, epi disipline. Anpil nan sa te soti nan kapasite Luisito pou li jwèt la, bloke atak advèsè yo, epi leve nivo ekip la nan moman kle yo.

Avèk pèfòmans li nan Koup Jenerasyon Adidas 2026 la, Luisito pwouve ke li se youn nan pi bon jèn defansè nan kategori li Ozetazini. Se te premye patisipasyon li nan tounwa sa a, e li deja kite yon mak ki ka ouvè pòt pou yon avni briyan nan foutbòl pwofesyonèl.

Valdyrsen Déris, né à Port-au-Prince, est licencié en Théologie et diplômé Communication et Relations humaines à Maurice Communication. Il a également étudié les Lettres modernes à l'École Normale Supérieure (ENS). Passionné de sport, Valdyrsen Déris est co-fondateur de RCNS-Haïti et d'Haïti Sport Universel. Il occupe le poste de Responsable des Relations Publiques chez KATIZANA et fait partie de l'équipe de rédaction d'Haïti Sport Universel depuis 2020.

Click to comment

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

More in Uncategorized